Nan yon repòtaj enprime nan London Morning Chronicle an oktòb 1815, yo bay kredi yon “koutiryè alamòd” ki pa t vle k yo te konnen non li poutèt li te fè twa “wòb sipèb pou rèn ak prensès d’Ayiti yo”, evokan yon imaj fasinan opilans, refinman ak konsonpsyon byen vizib nan Wayom Christophe la. Ti mòso deskriptif sa ofri yon ra apèsi nan mond Marie-Louise ak pitit fi li yo te abite anvan retrèt yo ki pa fasil pou wè an ekzil. Se sèl tras k nou genyen d wòb yo, k probableman yo te piye nan palè Sans Souci a avèk tout lòt pòtrè rèn la nan lavèy fen wayom nan.
Sepandan, vid sa yo andan achiv la vin tounen yon jan pou (re-)kreyason. Sipòte pa premis k entelektyèl, atis ak aktivis amerikèn dorijin ayisyèn Gina Athena Ulysse rele rasanblaj—k ap dekri yon prose (re-)asanblaj, yon konbit oswa yon reyinyon—pwojè Konstwi yon nasyon nwa itilize estrateji kreatif pou imajine posibilite, pandan k l ap chèche jistis reparatris l ap mete ansanm reprezantasyon leritaj yo ki otantik epi ki baze sou istwa ki te fòme pa enteraksyon ant kominote ak disiplin. Twa wòb k atik 1815 te dekri epi k istwa a te pèdi te rekreye avèk anpil doulè pa Dr Rebecca Morrison, yon ekspè nan wòb ak tayè istorik, ki te pase pa plizyè konvèsasyon ak manm dyaspora ayisyèn nan, entelektyèl kilti vizyèl ak materyèl Atlantik Afriken ak Rejans, praktikan kreatif, konsèvatè mize ak gadyen leritaj yo. De nan twa wòb rekonstwi sa yo la pou moun ka apresye yo.
Ansanm ak enstalasyon atistik ak pwojè memoryal yo k ap prezante nan egzibisyon sa a, rasanblaj montre kijan sistèm konesans ayisyen yo ka itilize pou ede re-asanble vwa ki twò souvan pèdi oswa oubliye nan listwa, men li ilistre tou aplikasyon pratik pou realize objektif sa: anpil men, lè y ap mete ansanm, pou yo ka re-fòme pa zak swen ak re-kreasyon.
Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi © 2022. Tutti i diritti riservati
Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi – Bergamo © 2022 Tutti i diritti riservati
Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali
Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it