Imajine yon nasyon

Premye janvye 1804 make yon moman desizif nan istwa mondyal la: apre 13 lane revolisyon, Ayiti te fèt apre li te resi sòti anba kolon franse ki te kenbe li an esklavaj nan Karayib la. Kòm premye nasyon nwa nan Amerik yo, prensip Ayiti te fonde nan antikolonyalism. Konfli ki te fè l fèt—Revolisyon Ayisyèn nan (1791-1804)—te ensireksyon moun ki te esklav ki te pi gwo ak pi reyisi: yon evènman “enpansab” nan yon mond fonde nan yerachi rasyal, trafik transatlantik moun ki te esklav ak ekspansyon kolonyal, avèk youn kote panse oksidantal te plase nan maj memwa istorik la pandan yon bon ti tan. Ayiti te reprezante yon eksperyans politik sosyal, paske li t ap ofri  yon nouvèl fason pou imajine libète, sitwayènte ak souvrènte. Menm lè yo pa di l ase, istwa li a melanje pwofondeman ak istwa revolisyon global yo, dyaspora ak konstriksyon nasyon yo. An nou pa bliye lyen k li pataje ak istwa Itali ak Bergamo.

Kòm se kote konpatriòt Giacomo Costantino Beltrami te fèt, Bergamo te kanpe ant peyisaj politik fragmante penensil italyèn nan ak fiti imajinè yon Itali inifye. Ayiti te fè pati mond emèjan nouvèl nasyon sa yo, e se te la k Beltrami te dirije li an 1826 nan yon rechèch modèl pou yon renouvèlman politik. Lè li rive la, li jwenn yon nasyon ki t ap lite kont defi konstwi yon nouvo kominote politik pandan k l t ap defann tèt li kont yon konkèt kolonyal ki te vle kontinye. Ou te ka wè tansyon pwosesis sa nan transfòmasyon enstitisyonèl yo. An 1805, Ayiti te adopte yon konstitisyon emperyal ki te enstitisyonalize idantite nwa kòm fondasyon sitwayènte ayisyèn nan. An 1807, Ayiti te vin tounen de eta lè li te divize teritwa nò ak sid li yo, epi an 1811, ansyen jeneral revolisyon an ki te ekslav, Henry Christophe, konsakre tèt li wa. Lè Beltrami rive, siksesè Christophe la te gentan inifye Ayiti ankò kòm yon grenn sèl repiblik ki te enkli tout zile Ispanyola a.

Pandan k Beltrami t ap koleksyone dokiman ak objè pou li te ka ekri istwa premye “repiblik nwa a”, Marie-Louise, ansyèn rèn ak vèv Christophe la, te janbe Atlantik la nan direksyon opoze a, jislè li jwenn refij nan Piza. Li te viv yon vi izole, menm lè li te kontinye enkòpore eksperyans “enpansab” ayisyèn nan. Premye rèn nwa nan Amerik yo ak manman yon nasyon, li te siviv pi lontan pase fen wayom nan ak iterasyon siseksiv gouvènman ayisyen yo.

Yo pa janm ekri istwa Marie-Louise la, menm jan istwa k Beltrami t ap ekri a pa janm fini. Beltrami ak Marie-Louise pouswiv, chak sou bò pa yo, yon pwojè k anpil ayisyen ta ka rele rasanblaj. Imajine yon nasyon enspire nan lide rasanblaj la pou rekonstitiye trajektwa melanje yo epi pou li ka panse plis sou kisa yon nasyon, reyèl oswa imajinè vle di. Premye nan yon seri egzibisyon konekte ak pwojè Konstwi yon nasyon nwa, egzibisyon sa ap montre objè leritaj ra epitou l ap gade pi lwen k achiv yo: kostim ki rekreye nan tras dokimantè ra ak enstalasyon pa atis ayisyen nan dyaspora a ap rekole mòse ki te gaye ak transfòme yo nan yon memwa vivan.

Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi © 2022. Tutti i diritti riservati

Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali

Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it

Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi – Bergamo © 2022 Tutti i diritti riservati
Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali

Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it