Marie-Louise d’Ayiti ak Constantino Beltrami: Vwayaj kwaze

Marie-Louise Christophe te fèt nan lane 1778 nan Sen Domeng, kounya Ayiti, kòm yon “nwa lib”, nan yon koloni kote 90% popilasyon an te viv nan esklavaj. Lane daprè, nan Bergamo, Giacomo Costantino Beltrami te fèt nan yon fanmi ki te konekte ak administrasyon Repiblik Veniz la. Probableman, yo pa janm rankontre. Sepandan vwayaj kwaze yo montre kijan istwa revolisyon, mobilite, anpir ak ras te melanje an Ewòp ak nan Karayib la nan lon diznevyèm syèk la.

An out 1791, ensije ki te esklav nan Sen Domen te pote yon tòch nan plantasyon sik yo—fondasyon ekonomi kolonyal la—lè sa yo tou komanse Revolisyon Ayisyiènn nan. Nan 13 lane lagè ak revolt politik, koloni ki te pi rich nan Lafrans te transfòme nan yon nasyon endepandan ki te voye esklavaj ak kolonizasyon ale. Marie-Louise pat sèlman yon temwen pasif nan evènman sa yo. Kòm madanm jeneral revolisyonè Henry Christophe, li te andire lagè, deplasman ak ensètitid, li t ap pote pitit li yo nan kan militè. Lè Christophe vin tounen Wa Henry Premye d’Ayiti an 1811, Marie-Louise vin totunen premye rèn afrodesandan nan Amerik yo—manman nouvèl nasyon an.

Lè Revolisyon Fransèz la—ki te kole kole ak saga Revolisyon Ayisyèn nan—vin jwenn Bergamo an 1797, Beltrami tou rantre nan eksperyans revolisyon brèv Repiblik Bergamo a. Si Ayiti te ka bat Napoleon, kontwòl li te dwe chanje balans politik penensil la ann Itali, lè konsa li te ka tou ouvri karyè jij Beltrami a nan yon pakèt eta italyen.

An 1821, Marie-Louise ak Beltrami te jwenn tèt yo an ekzil, ki te lakoz revòlt politik yo ak dèy pèsonèl. Lè mari li, Wa Henry, touye tèt li epi pitit gason li a, ki te eritye twonn nan te vin mouri asasinen, Marie-Louise wè jan wayom nan te vin ekroule pandan k Ayiti t ap vini yon repiblik. Li tou ramase pitit fi li yo Françoise-Améthisse ak Anne Athénaïre, ak sèvant li Sabine Zéphyrine lè li kite Ayiti, li jwenn refij ann Angletè anvan epi an apre an Toskàn. Beltrami, ki te soufri anpil lè pi bon zanmi li te vin mouri epitou ki te vin dechante pa politik konsèvatè Restorasyon an, te pati pou Amerik yo pou li te ka jwenn modèl politik ki te reflete pwòp lide repibliken li yo.

Nan pwen sa a, chemen yo te vin lanvè. Beltrami ateri ann Ayiti an 1826 apre k li te siviv yon nofraj ak fyèv jòn nan. Nan ti mwa k li te pase nan zile a, li te koleksyonse dokiman ak objè ki te ka enfòme yon istwa sou “repiblik nwa” a k li te gen lentansyon ekri. Marie-Louise, sou bò pa li, te gentan enstale an Piza, kote li te viv yon vi izole, li te konn ale legliz, salon ak espa yo, epi li te adopte siyati enb “Madan Christophe” olye d tit rèn li a.

Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi © 2022. Tutti i diritti riservati

Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali

Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it

Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi – Bergamo © 2022 Tutti i diritti riservati
Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali

Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it