Nouvo naratif sou Ayiti

Sa nou konnen sou Ayiti jodya souvan pase atravè yon paswa ki pa favorab e ki gen rasis ladan l—yo souvan prezante nou kòm yon peyi ki toujou nan katastwòf imanitè, vyolans gang ak move gouvènans politik. Nan ekspozisyon sa, nou te eseye montre yon lòt Ayiti, ki rich nan yon istwa ki depase moman revolisyonè 1791 la, k ap fòme yon lòt naratif mondyal nan tout nannan li. Vwayajè tankou Beltrami te sansib ak vizyon sa sou modènite Ayisyen, e yo te espere pataje li
anpil ak yon pakèt.

Panèl sa ofri yon refleksyon sou apèl Gina Athena Ulysse pou “nouvo naratif” sou Ayiti, li prezante yon rasanblaj nan eritaj kiltirèl fyè Ayiti: fòs yo ak inovasyon achitekti ki montre yo kenbe tèt nan gwo danje; lidè solid ki te pran chay pou yo bati yon Ayiti selon vizyon yo, malgre defi nan peyi a ak lòt kote; ak fanm ki pa t janm jwenn anpil rekonesans men ki te – e ki toujou rete – poto mitan peyi a e ki kontribye nan istwa fondatè Ayiti san nou pa janm bay yo kredi yo merite. Li montre tou kijan lòt fòm rasanblaj manifeste nan inisyativ eritaj piblik komemoratif (enstalasyon plak memwa nan kay Marie-Louise nan Wayom Ini ak Piza). Egzanp rasanblaj sa yo montre kijan sistèm konesans Ayisyen yo ka vini fondasyon pratik pou reyalisasyon rekiperasyon eritaj: anpil men, rasanble ansam, pou re-fòme atravè aksyon swen ak kreyativite.

Vitrin ki kot a kot an selebre Rasanblaj atravè kòlaborasyon nan ko-oganizasyon ak enstalasyon atistik pa de manm nan dyaspora ayisyen nan  wòp: Monette Donat-Cattin, fondatè Amis de la Reine, ki te santral nan inisyativ patrimwàn ki te make prezans Marie-Louise nan Itali; ak Yann-Olivier Kersaint, yon jeyograf ak atis k ap viv nan Bèlen ki enterese nan evolisyon espas iben e ki souvan kontribye nan egzibisyon nan Haus der Kulturen der Welt.

Enstalasyon atistik

Chwazi pa Monette Donat Cattin
Imajine yon nasyon: Lè Ayiti enspire Itali

Dyalòg, ki gen pou wè ak fragman lavi yo konplete pa konvèsasyon ki enspire yon atis ak yon entelektyèl Italyen kap eksplore eritaj kiltirèl Ayiti nan yon echanj tankou glas ak istwa Itali.

Cesare Massimo ak etidyan nan akademi mòd Rimini yo rantre nan yon diskisyon enteresan avèk Monette Donat Cattin e Cristina Fiordimela. Yon referans sou multidimansyonalite Ayiti ak koleksyon Beltrami a, ansanm ak koulè vivan ak senbòl pyebwa libète a, ki enrichi naratif la.

Seleksyone pa Yann-Olivier Kersaint
Vizyon sou peyi a

Enstalasyon an montre de devlopman sosyo-espasyal ki te paralèl ann Ayiti nan diznevyèm syèk la. Pandan k elit ibèn yo t ap viv nan vil reprezantatif penpè epi yo te kole kole ak mekanis leta a avèk komès entènasyonal la, moun nan provens yo te kreye yon lòt fòm òganizasyon lokal pou tèt yo. Konsa, yo vin fasonnen sa k nou konnen jodya tankou peyi andeyò, peyi lòtbò sant iben yo.

Apre fen ekonomi plantasyon kolonyal la, agrikilti nan ti echèl te pèmèt anpil moun viv anba libète k yo te goumen pou jwenn nan tèm ekonomik ak espasyal. Yon inite sosyo-espasyal santral nan sosyete riral sa te lakou a: yon kote kote fanmi pwòch ak pwolonje te viv, travay ak kiltive latè a ansanm. Lakou a te plis pase yon koleksyon kay—li te lye fanmi, travay, latè ak vi toulèjou a.

Enstalasyon an mete devlopman sa yo youn bò kote lòt: Hotel Oloffson la tankou yon egzanp achitekti penpè iben an ak lakou a kòm yon ekspresyon sosyete riral ki òganize otou fanmi ak agrikilti ti echèl.

Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi © 2022. Tutti i diritti riservati

Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali

Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it

Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi – Bergamo © 2022 Tutti i diritti riservati
Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali

Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it