Marie-Louise, yon rèn an ekzil

REPWODIKSYON
Blazon rèn nan, College of Arms MS J.P. 177, Amori Jeneral wayòm d’Ayiti (nan zòn 1811–1820), fol. 2r. Reprodui ak pèmisyon Wa yo, mesaje ak konpanyon moun ki pote zam
Blazon mesaje yo tradui vizyèlman reklamasyon Henry Christophe pou wayom nan kòm yon senbòl lejitimite dinasti a ki te fasil pou patnè Ewopeyen konprann. Kisa ki ta ka gen plis pouvwa senbolik pou yon moun ki te ansyen esklav pase mesaje wayal ki fè sonje ide ansyen mond yo sou wayom sakre a? Marie-Louise Christophe te sèl fanm nan lakou a ki te onore ak blazon pa l ki make estati enpòtan li kòm rèn konsò, pa ekstansyon, manman nouvo nasyon an. Feniks la ki leve sòti nan dife a (yon motif ki te souvan itilize nan wayom Christophe la) te fè sonje nesans Ayiti nan dife revolisyon an, reflete deviz ki ekri nan blazon wa a, “JE RENAIS DE MES CENDRES” (“yap toujou kontinye pale de mwen men lè mwen mouri”). Deviz rèn nan, “BONDYE PWOTEJE WA A” (“Bondye pwoteje Wa”), mete monachi Christophe la nan yon vokabilè Ewopeyen moun te ka rekonèt sou otorite pouvwa Bondye.

REPWODIKSYON
Eta nan nanm yo, 1831-1859, Achiv Dyosèz Piza
Stati delle anime, dosye pawas ki sanble ak resansman yo itilize nan Itali sòti nan anviwon 17yèm syèk rive nan kòmansman 20yèm syèk, trase kay Marie-Louise nan Piza depi li rive an 1828 jouk lanmò li an 1851. Pitit fi li yo, Françoise-Améthisse ak Anne-Athénaïre, rete avèk li jiskaske yo mouri an 1833 ak 1839, menm jan ak sèvant ayisyèn yo a, Sabine Zéphyrine. An 1841, sè Marie-Louise la, Généviève Pierrot (ki pita vin premye fanm ayisyen nan pwòp dwa li), rive sòti Ayiti avèk entansyon pou akonpaye l lakay li. Dokiman sa yo ofri enfòmasyon enteresan, yo montre ke Marie-Louise te anboche sèvant ak kwizinye lokal, sa ki konfime estati nòb li nan yon sosyete kote anpil moun ki gen ras Afriken te gen trajektwa trè diferan, souvan fòme pa esklavaj ak inegalite ekonomik.

OBJÈ CAFFI
Sèl yon sir nan Men Majeste Marie-Louise Christophe (nan zòn 1811–1820), Koleksyon Beltrami
Sèl sa a pote zam rèn nan nan penti a, li klèman make pa prezans deviz pèsonèl rèn nan, “Bondye pwoteje wa a”. Yo te sèvi ak sa depi nan kilti oksidantal depi nan Mwayennaj kòm yon siy otantifikasyon, men tou kòm yon siy otorite ak estati, espesyalman pa moun nòb yo. Yo pa konnen kijan Beltrami te jwenn sèl la; sepandan, egzistans li montre nou ke otorite Marie-Louise la pa t sèlman periferik: li te gen pouvwa pou li enskri tèt li nan dosye achiv yo. Deviz Wayom nan, ” yap toujou kontinye pale de mwen men lè mwen mouri “, te suiv li nan yon ekzil ki make pa lapenn, pandan li t ap rekree lavi li nan Itali.

OBJÈ CAFFI
Vè ki gen siyati eritaj wa Ayiti a
Menm jan ak sèl larèn nan, li pa klè kijan Beltrami te jwenn vè sa yo, ki pote siyati eritaj wa a, Prens Jacques-Victor Henry Christophe (ki te asasinen apre wayom li te fini an 1820). Li posib ke yo te anvayi sòti nan Palè Sans Souci ansanm ak lòt bagay materyèl ak akseswa nan wayom nan le li te fini a, tankou pòtrè larèn nan ke yo pa janm jwen la. Mem leu ke nou pa konnen pwodiktè a, Christophe te gen abitid sipòte atizan aletranje menm anvan li te pwoklame tèt li wa (espesyalman nan peyi Angletè) kòm yon fason pou devlope relasyon diplomatik.
Dènye rezidans Marie-Louise Christophe, Piza, Piazza F. Carrara, n. 13 Tòm Marie-Louise ak pitit fi li yo, legliz San Donnino, Piza © Nicola Gronchi
Marie-Louise te lwe plizyè kay pandan li te nan ekzil li a ki dire lontan nan Piza epi li te kreye relasyon ak noblès kosmopolit ki te rete nan vil la, tankou Grand Dik Leopold II nan Toskàn. Foto yo montre dènye rezidans li, kote li te mouri an 1851 san li pa t kapab reyalize dezi li pou li te tounen Ayiti, ak tòm fanmi li ke li te fè konstwi nan legliz San Donnino nan Piza.
Depi 2023, de plak ki selebre Marie-Louise ak pitit fi li yo te inogire nan sit sa yo, sa retabli yo nan memwa ibèn Piza kòm premye etap nan yon inisyativ pi laj ki pwomouvwa pa dyaspora ayisyèn an.

REPWODIKSYON YO
Anons lanmò nan rejis plizyè pawas Piza, 1831-1839, Achiv Dyosèz Piza
Prensès Françoise-Améthisse ak Anne-Athénaïre te akonpaye manman yo nan ekzil apre ke papa yo te pedi wayom li. Tou de te gen sante fèb e yo mouri jèn nan yon jan trajik, yo te mouri anvan manman yo plis pase 10 lane: Améthisse nan Piza an 1831; Athénaïre pandan yon vwayaj nan Stresa an 1839. Anons gazèt ki te epapiye toupatou ak enskripsyon ki rete montre yo kòm moun ki pale plizyè lang e ki katolik. Antèman Améthisse, òganize pa Konfreri Mizerikòd la kote fanm Christophe yo te fè pati, montre ke fanmi an te jwenn nan mond charitab Piza a yon chimen pou yo santi yo fè pati epi bati lyen sosyal nan yon peyi etranje.

REPWODIKSYON
Testaman Marie-Louise Christophe, AsFI, Notè modèn, Pwotokòl, Pazzini Antonio, no. 33958, ak no. 105 dat 6 Jiyè 1841, ak koutwazi Ministè Kilti / Achiv Leta Florence
Sòti nan lane 1841, testaman Marie-Louise—ke li te dikte nan plas siyen—revele yon fanm ki ap prepare l pou lanmò l apre li te pèdi tou de pitit fi li yo. Eritaj li yo montre mond li te bati o zalantou li nan Piza: sèvitè, enstitisyon relijye ak rezo charitab li. Yo montre tou kijan ansyen rèn nan te itilize sa l te genyen ankò pou pran swen fanmi l ak zanmi l ann Ayiti, peyi natif natal li jan ke li te swete retounen, menm lè li pa te janm kapab.

Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi © 2022. Tutti i diritti riservati

Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali

Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it

Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi – Bergamo © 2022 Tutti i diritti riservati
Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali

Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it