Si okenn pòtrè Marie-Louise siviv, nou gen omwen de de Beltrami. Pòtrè fame sa, k yo te penn nan lane Inifikasyon Itali a epi k yo te montre nan premye egzibisyon nasyonal Wayom nan, montre Beltrami tankou yon eksplorè romantik epi yon nouvo figi nan pateyon patriotik la. Malgre li idealize li, penti a enkli detay k nou ka atribye a fameuz egzibisyon Misisipi 1823 a : li te kanpe nan yon kannòt, li te mete yon manto k Ameriken natif natal te fè pou li, avèk yon ak, flèch, kakwa, epi yon parapli wouj ki fè k li te fasil pou nou te ka rekonèt li nan kominote Dakota ak Ojibwe yo.
Pòtrè toupiti sa, k Beltrami te komande, revele tou anpil detay entim : yon entelektyèl ki pa janm jwenn rekonesans k li te vle a ak yon moun ki vin fini jou li yo retrete an Marche, desi pa echèk lide politik li yo epi ki pa janm realize istwa Ayiti k li te gen lentansyon fè.
SITASYON
“Ekri istwa zile sila a . . . k anpil moun te panse k yo te abandone, lè n te fin jire k nou pa ta pral ofri nouvèl dekouvèt pou onore engra Itali ki te denasyonalize”
Nòt ekri alamen pa Beltrami, Angelo Mai civic library, Koleksyon Beltrami (san nimewo)
Beltrami te dechante pa Itali paske li potko janm wè inifikasyon li a epitou li te resanti kominote ki te meprize travay entelektyèl li yo. De faktè sa yo te rezon prensipal pou kisa li pat janm fini istwa Ayiti k li t ap ekri a. Nan plas li, li kite objè ak maniskri k li te koleksyone nan vwayaj k li te fè Ayiti pou pitit pitit li yo. Presève pandan 200 lane pa desandans li yo nan Filottrano, nan rejyon Marche la, sa pral premye fwa k yon piblik ki pa fanmi li pral wè objè sa yo. Yo pral realize yon pwojè k Beltrami pa janm rive fè lè li te vivan: kominike istwa Ayiti a tankou yon egzanp souvrènte, endepandans ak konstwiksyon yon nasyon pou piblik italyen an.
Beltrami pa janm ekri istwa d’Ayiti k li te imajine, men paspò sa yo trase vwayaj k li te fè yo nan Repiblik Ayiti Jean-Pierre Boyer a ant fevrye ak me 1826. Li te vwayaje sou chwal ak sou bato, li te konte sou moun k li te rankontre pandan vizit k li t fè anvan Ozetazini. Dokiman ki idantifye li kòm “Italyen pa nasyon” epi, oksazyonèlman, kòm “blan”. Pami lòt kado k li te bay moun kote li te desann yo, li te voye kopi piblikasyon Prezidan Boyer (siksesè Christophe la). Repiblikanism li a, patriotism kosmopoliten ak koneksyon masonik li yo te probableman fasilite mobilite li yo.
Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi © 2022. Tutti i diritti riservati
Museo Civico di Scienze Naturali E. Caffi – Bergamo © 2022 Tutti i diritti riservati
Privacy Policy / Cookie Policy / Note Legali
Piazza Cittadella, 10 – 24129 Bergamo tel. +39 035 399910 infomuseoscienze@comune.bergamo.it